Tranbleman tè 14 dawout: Ofis Pwoteksyon Sitwayen lanse yon apèl ak solidarite
Nan yon nòt Ofis Pwoteksyon Sitwayen (OPC) fè sòti nan dat 14 dawout 2021 an li kijan dega tranbleman tè koze yo atriste li. OPC fè apèl ak solidarite tout aktè nan moman difisil sa a. Renan Hedouville, nan nòt la, mande pou otorite Leta yo pran tout responsablite yo pou fasilite èd nesesè rive jwenn popilasyon an. Li mande pou otorite yo pran dispozisyon pou rann fasil aksè ak depatman ki touche yo : Sid, Sidès, Grandans ak Nip. Nap siyale depi tanto twa mwa, wout nasyonal nimewo 2 a inaksesib lakoz ensekirite gang. Ofis Pwoteksyon Sitwayen lanse yon apèl ak solidarite. Li mande prese prese pou aktè diferan nivo nan sistèm medikal la pote api yo ak viktim yo. OPC nan nòt pou laprès sila fè apèl tou ak entèvansyon enstitisyon ak òganis imanitè ki prezan nan peyi a kèlkeswa nivo li ye a. Nan maten samdi 14 dawout 2021 an yon tranbleman tè mayitid 7,2 daprè enfòmasyon ki disponib frape peyi Dayiti. Depatman ki pi touche yo se Sid, Sidès, Grandans ak Nip. Daprè Direksyon Pwoteksyon Sivil, 304 moun pèdi lavi yo, ak plis pase 1800 lòt blese. Jacky M. Fontaine TANBOU VERITERenan Hedouville, nan nòt la, mande pou otorite Leta yo pran tout responsablite yo pou fasilite èd nesesè rive jwenn popilasyon an. Li mande pou otorite yo pran dispozisyon pou rann fasil aksè ak depatman ki touche yo : Sid, Sidès, Grandans ak Nip. Nap siyale depi tanto twa mwa, wout nasyonal nimewo 2 a inaksesib lakoz ensekirite gang. Ofis Pwoteksyon Sitwayen lanse yon apèl ak solidarite. Li mande prese prese pou aktè diferan nivo nan sistèm medikal la pote api yo ak viktim yo. OPC nan nòt pou laprès sila fè apèl tou ak entèvansyon enstitisyon ak òganis imanitè ki prezan nan peyi a kèlkeswa nivo li ye a. Nan maten samdi 14 dawout 2021 an yon tranbleman tè mayitid 7,2 daprè enfòmasyon ki disponib frape peyi Dayiti. Depatman ki pi touche yo se Sid, Sidès, Grandans ak Nip. Daprè Direksyon Pwoteksyon Sivil, 304 moun pèdi lavi yo, ak plis pase 1800 lòt blese. Jacky M. Fontaine TANBOU VERITE