Tranbleman tè 14 dawout: Pwoteksyon Sivil retire 16 moun vivan anba dekonb
Anviwon twa (3) jou aprè vyolan tranbleman tè samdi 14 dawout 2021 an, jodi madi 17 dawout la pwoteksyon sivil anonse sou kont Twitè li operasyon pou retire moun ki kwense nan ansyen lokal "minustah" nan lokalite Brefèt yo (depatman Sid) ap kontinye.
Pandan operasyon sila, pwoteksyon sivil fè konnen pou maten madi 17 dawout la, sovtè yo gentan retire 16 moun an vi ak 9 lòt ki malerezman mouri. Pwoteksyon sivil presize nan twit la operasyon rechèch ak sovtaj yo ap kontinye !
Yon lòt bò, pwoteksyon sivil raple se aprè evalyasyon, otorite yo ka deside kraze oubyen ranje yon batiman. Nan moman kritik sa, pwoteksyon sivil mande tout moun Sid yo pinga yo rete bò kay ki kraze ni sa ki gen mi yo make fann.
Jacky M. Fontaine
TANBOU VERITE