crossorigin="anonymous">
top of page

Tranblemann tè 14 out : Fondasyon Digicel fè lopital Saint Boniface kado 50 mil dola ameriken

Nan yon kominike pou laprès li plibliye nan jou ki te 23 out la, Fondasyon Digicel anonse li fe lopital Saint Boniface ki nan Fondèblan Kado 50 mil dola ameriken. Lajan sa ap pèmèt lopital la kenbe operasyon li yo ki ogmante anpil aprè tranblemann tè 14 out la.



Nan Kominike sa, nou kapab li : "Nan lide pou sipòte operasyon li yo ki ogmante , lopital la Saint Boniface nan Fondèblan esevwa yon kom don $ 50,000 US nan men Fondasyon Digicel la. Pou Jounen jodi a, plis pase 12,000 blese anregistre nan depatman yo nan Nip, Sid ak  GrandAns. Pou reponn ak sitiyasyon  kriz sa a, pèsonèl medikal  nan St Boniface fè pasyan ki soti nan zòn ki afekte yo travèse nan  lokal li gen nan Fondèblan pou yo ka resevwa swen vital yo bezwen »


Mete sou sa a,  Responsab relasyon piblik ak Projè , Su-yen Simon Bertrand, fè konnen inisyativ sila rejwenn plizyè lot li antreprann deja epi komansman plizyè fom soutyen fondasyon an prevwa pote nan lide pou solidarize ak viktim Gran Sid yo. Su-yen Simon Bertrand envite lot pèsonalite nan sosyete a pote kole, prese prese pou ede travayè medikal yo fè travay yo pi byen.


Yon lot bo, fondasyon an fè konnen Lopital Saint Boniface se youn nan etablisman nan rejyon an ki gen kapasite siyifikatif chirijikal ak ijans pou  pran swen anpil pasyan.

Atravè don sa a, Fondasyon Digicel di li renouvle angajman li pou sipòte kominote yo nan moman ki pi difisil yo epi li pwofite montre solidarite li ak viktim tranbleman tè devastatè sa a.

0 comments
bottom of page