Tranblemann tè 14 out: Zanmi Lasante, lopital jeneral, lopital advantis dikini ak lopital Bernard Me
Zanmi lasante, lopital jeneral, lopital advantis dikini ak lopital Bernard Mevs deside ofri èd yo ak popilasyon Sid, Jeremi, ak Nip ki se twa ( 3) depatman kote tranblemann tè sa fè plis dega. Nan yon mesaj li pibliye, lopital jeneral fè konnen gen Karantsèt (47) Medsen ( entèn, RSS, òtopedis, chirijyen elatriye) ki soti nan lopital jeneral ki ale okay pou jere premye konplikasyon yo. Nan menm mesaj sa, Lopital la anonse gen yon lot gwoup kap gen ladanl pedyat ak entènis kap pran wout la demen. Bò kote pal, zanmi lasante anonse lokal li yo pat afekte nan tranblemann tè sa kidonk louvri pou l sèvi. Nan sans sa a, lopital la anonse lap prepare sit li yo pou pasyan kap antre pòtoprens yo epi lap travay kole kole ak patnè li yo sou teren an pou kapab detèmine bezwen yo epi etabli yon soutyen. Zanmi lasante pwomèt lap toujou pibliye mizajou sou sit li yo de fwa pa jou. Lopital Bernard Mevs li menm, nan yon nòt, eksprime senpati li ak solidarite ak viktim Okay, Jeremi ak tout lot kote ki touche yo. Lopital la fè konnen li mete tout resous li yo disponib pou viktim sila yo, konsa yap kapab ede yo pou suivi medikal yo. Daprè enfomasyon ki rive jwenn Tanbou Verite, lopital advantis ki nan dikini 63, nan komin kafou, anonse pòt li rete byen louvri, pou akeyi tout moun ki blese pou vini pran swen gratis. Nap raple daprè dènye bilan direksyon pwoteksyon sivil mete deyò a, genyen pou pi piti 304 moun ki mouri ak plis pase 1800 moun ki blese.