crossorigin="anonymous">
top of page

Valesky Barosy an gadavi pou zwadizan fwod nan pwogram ppp LOAN lan


Valesky Barosy se yon jèn antreprenè Ayisyen 27 lane kap viv miami, otorite federal peyi etazini mete nan gadavi, paske li itilize non antrepriz li a poul te ka jwen'n 2.1 milyon dola us nan pwogram PPP LOAN (payman pwoteksyon pwogram.)


Pwogram sila se gouvènman federal peyi etazini ki metel sou pye Pou biznis pou yo pa fè fayit oswa peye anplwaye akoz de covid-19 la ki touche anpil biznis.


Valesky Barosy pran kòb pwogram nan li achte yon lomborghini, plizyè mont Rolex ak rad chè, pou l ka montre fan li yo. Anpil moun panse ke sa li vle montre mond lan se jis ke ''li posib pouw soti yon senp anplwaye walmax ou vin milyonè e Prezidan yon antrepriz kap ede moun ranje kredi yo''.


Valesky fè premye parèt li devan Yon jij nan fort-louderdale, si li koupab li posib pou l fè plis pase 132 lane nan prizon.

 

0 comments
bottom of page