crossorigin="anonymous">
top of page

Wilson Edouard, enstale nan tèt MTPTC


 

Ansyen direktè jeneral Ministè Travo Piblik, Transpò ak Kominikasyon, Wilson Edouard, se nouvo minis ministè sila. Premye Minis la, Ariel Henri, jodi mèkredi 21 jiyè 2021 an, nan lokal nan ministè a, enstale Wilson Édouard kòm nouvo Minis Travo Piblik, transpò ak kominikasyon. Minis Édouard ranplase Joacéus Nader nan pòs sa a. Nouvo Minis Édouard motive anpil. Nan diskou li pou okazyon sila, salye travay ansyen minis la te antreprann nan koze enèji ak enfrastrikti woutyè e li te pwomèt pou fini tout travay ki te deja komanse yo. Kit se travay ki fèt nan Mòn Chyen, nan Nòdwès, kit se wout ki konekte Gonayiv ak Ansafolè, Minis Édouard pwomèt li pral kontinye yo tout. Li wè nan travay sila yo, yon okazyon pou li dote peyi de bon jan enfrastrikti woutyè ki nesesè pou devlopman li men tou pou akonpli volonte Prezidan Jovenel Moïse, ki te mouri asasinen 7 jiyè. Toujou nan lide pou satisfè dezi defen an, Édouard pa gen entansyon kite sou kote konstriksyon an nan Konstriksyon santral tèmik ki te deja tanmen yo. Anplis, li anonse, inogirasyon santral Carrefour, Sainte-Philomène nan Cap-Haitien, Port-de-Paix ak Carice, ap fèt yon ti tan ankò.

 

0 comments
bottom of page