Yon aksidan avyon lakoz 6 moun pèdi lavi yo.

. .
Selon enfomasyon ki vini jwenn Tanbou verite, Yon ti avyon ki tap transpote moun soti pòtoprens pour rive jakmèl kraze ayè 2 jiyè 2021 an nan leyogàn presizeman nan lokalite matiren, 8èm seksyon kominal Bosejou.
Avyon sila te dekole potoprens a 6h57 epi te dwe ateri jakmel a 7h 9. Pou moman nap ekri atik la, yo poko konnen sikonstans ki lakoz krash sa.
Selon enfomasyon ki vin jwenn nou, sis moun ki te abò a se te yon nwa ak senk blan. Pou kounya yo rive idantifye selman de pasaje ki te abò ti avyon sa a. Nou vle pale de Trent Hostetler ak John Miller.
Nap raple depi le afwontman ant gang ame yo eklate matisan, anpil moun itilize transpò ayeryen an pou yo ale nan lot depatman yo.
. .