Yon denyè omaj pou Jovenel Moïse
. .
Fineray Prezidan Jovenel Moïse te deroule jodi 23 jiyè a okap, nan lokalite madlèn, kote papa Prezidan Jovenel Moïse te antere.
Plizyè pèsonalite ak delegasyon enpotan te fè deplasman jodi 23 jiyè a pou te rann yo nan Nò peyi a, nan lokalite madlèn, kote papa Prezidan Jovenel Moïse te antere, pou rann yon denye omaj ak Prezidan Jovenel Moise ki te mouri asasine, lakay li pèleren 5, nan lannuit 6 pou bout 7 jiyè 2021 an.
Fanmi prezidansyèl la, Premye minis Ariel Henry ak tout manm kabinè li yo, Yon delegasyon amerikèn ki gen nan tèt li anbasadris Etazini an Linda Thomas-Greenfield, yon delegasyon twa senatè ki gen nan tèt li senatè Jean Marie Ralph Fétière ak de lot senatè ki se Pierre François Sildor et Wanique Pierre, wo kòmandman Polis nasyonal la, lidè opozisyon an Moïse Jean Charles ak ansyen Premye minis Evans Paul, te pami moun ko te prezan nan jaden rezidans prive fanmi Moïse la (Habitation Village SOS), pou rann yon denye omaj, bien merite ak 58èm prezidan repiblik la Jovenel Moïse.
Pou premye fwa depi li antre nan peyi a, Premye dam nan ta pral pran la parol nan kad seremoni sila. Pou Martine Moïse, Mari li, Jovenel Moïse mouri paske li tap goumen pou ofri yon lavi miyo ak klas defavorize yo. Ofri bon jan kondisyon lavi ak pitit tè a. "Laisse ton âme reposer en paix et Nous nous en chargerons du reste."
Nan diskou li, premye pitit Gason Jovenel Moïse la, Joverlin Moïse te prezante papa li Jovenel Moïse tankou yon ero, yon papa bon kè ki tap goumen pou sa chanje nan peyi a. Men kisa li te di:" Li tap preche tet ansanm pandan li tap viv nan mitan trèt, li te ranpli ak lanmou menm lel tap viv nan mitan mechan."
Pou Joverlin Moïse, "Jovenel Moise, te yon Prezidan ki tap viv pou pèp e ki fini pa mouri pou pèp." Premye pitit gason defen an pwomèt travay Papa li yo pap kanpe nan wout. "Nou pral goumen ak sajès, san vyolans. Nou pral goumen ak tèt nou, men pa ak zam yo mete nan men nou." Yon denyè omaj pou Jovenel Moïse
. .