crossorigin="anonymous">
top of page

Yon endividi yo pa revele mande yon grefye pou li ajoute non de (2) moun nan lis Moun ki enplike yo

Marcelin Valentin, youn nan grefye k'ap travay sou dosye asasina Jovenel Moïse la ta resevwa vizit yon endividi ki mande l' pou li ajoute non Youri Latortue ak Réginald Boulos nan lis moun ki enplike nan zak la. Se jounal ameriken an, New York Times, ki bay enfòmasyon sa a. Toutfwa, yo pa bay okenn detay sou idantite moun sa a ki ta fè demand lan a grefye a. Nap raple komisè gouvènman Pòtoprens lan te envite de (2) mesye sa yo deja nan pakè nan kad ankèt pou rive jwenn otè entèlektyèl krim nan. Si Youri Latortue te reponn envitasyon an, se te diferan pou Réginald Boulos. Yon lòt bò, enfòmasyon kap sikile fè konnen nan temwayaj yo, kolonbyen yo ta deklare yo te pran yon milyon dola ameriken lakay ansyen prezidan Jovenel Moïse la. Enfòmasyon sou kantite kòb sa a se kounye a li parèt. Nap raple montan ki te revele nan moman arestasyon mèsenè yo se te 40 mil dola, yon sòm ki de lwen pi piti ke sa kap pale jodi a.

0 comments
bottom of page