crossorigin="anonymous">
top of page

Yon moto ka pote jiska 10 moun o Kameroun


Pou asire trajè soti nan yon ti vilaj agrikiltè ki rele Bayé, rive nan yon vil ki rele Bafoussam, o Kameroun, gen 2 mekanisyen ki gen yon ide jeni ki amelyore moto yo pou yo kab pote yon kantite moun pou travèse nan vil la ak tout chay yo pote.


Yo deside alonje epi rann moto yo pi solid, yo pa pè gwo twou ak chay, e yo ka pote ant 4 a 10 moun ansanm ak yon bèl kantite chay. Dapre sa youn nan mekanisyen yo rapòte jounal AFP, yo fè moto yo selon gou kliyan an, selon sa l mande. Yo lonje moto a soti de 1 rive a 3 mèt, e yo fè pozpye, epi kote pou pote chay.


Poutan dapre yon pwofesè an mekanik, gen anpil risk nan jesyon ekilib moto sa yo, men anpil travayè ak travayèz renmen yo paske se gras ak yo menm ke yo ka pote machandiz yo al lavil, e sa pèmèt chofè moto yo tou fè plis kòb nan jounen an, si yo te konn abitye pot 4 moun, kounya yo pote 10, yo fè plis ke doub kòb yo te konn abitye fè. Antretan, leta pa ko di anyen sou kesyon an...

0 comments
bottom of page