crossorigin="anonymous">
 

Yon ti kout je sou sa ki rele « état de siège » la

Updated: Jul 20, 2021


. .

Jan nou tout konnen li a, nan lannwit sòti madi 6 pou rive mèkredi 7 jiyè pase a, nèg ak zam asasinen prezidan peyi a, Jovenel Moïse. Si se vre depi jou a Lapolis mete ak popilasyon an rive arete kèk moun ki ta sanble te patisipe nan komèt krim sa a san konte sa yo mete avi rechèch dèyè yo oswa pakè konvoke, men chak jou, yon enfòmasyon diferan vin rann sitiyasyon parèt flou devan je nou.


Pandan tan sa a, premye minis Claude Joseph pran divès mezi. Pami yo, li pibliye nan dat 7 jiyè a yon dekrè kote l’ deklare «état de siège» sou peyi a epi anonse 15 jou dèy nan memwa prezidan an.

Daprè sa ki ekri nan dekrè mèkredi 7 jiyè a, «état de siège» la dwe pèmèt gouvènman an:

  1. fouye kay tout moun nan lide pou jwenn tout enfòmasyon kap ede yo mare moun ki asasinen prezidan an;

  2. entèdi tout reyinyon li jije ki ka pwovoke dezòd nan peyi a;

  3. kontwole aksè a wout yo ;

  4. ranfòse dispozitif sekirite yo;

  5. enstore gwo mezi sekirite ;

  6. pran tout kalite mezi ki ka pèmèt yo arete asasen yo.

𝑲𝒊𝒔𝒂 «𝒆́𝒕𝒂𝒕 𝒅𝒆 𝒔𝒊𝒆̀𝒈𝒆» 𝒍𝒂 𝒚𝒆?


Se yon mezi otorite yo pran devan yon sitiyasyon ki trè grav kap pase anndan yon peyi nan moman gen gè oswa lòt gwo danje ki pandje sou tèt yon lokalite. Pi souvan se lè gen mobilizasyon ame oswa envazyon etranjè yo konn pran desizyon sa a. « Etat de siège » la pèmèt yo pran gwo mezi pou asire oswa retabli lòd.


Pandan ane 2021 an, nan peyi Congo, prezidan Felix Tshisekedi te dekrete yon « etat de siège » pandan 30 jou sou de (2) zòn, Nord-Kivu ak Ituri, kote gen yon seri nèg ak zam ki pa sispann teworize popilasyon zòn sa yo. Yo komèt tout kalite vye zak. Selon yon pòt-pawòl gouvènman kongolè a, « état de siège » la ta dwe pèmèt yo jwenn bout ensekirite a kap fini ak popilasyon an.


Diferans ant « état de siège» ak «état d’urgence»


Menm jan ak «état de siège» la, «état d’urgence» se yon mezi otorite yo kapab pran devan yon sitiyasyon danjere. Sepandan, «état d’urgence» lan antrene restriksyon ki pi lejè ke «état de siège» la. Souvan se lè gen katastwòf natirèl otorite yo deklare l’.


« Etat de siège » nan konstitisyon 1987 la


Konstitisyon 29 mas 1987 la rekonèt « état de siège » nan atik 98.3 a. Nan pwen 6 atik sa a yo prevwa asanble nasyonal la kapab deside sou opòtinite pou deklare l’, wè ansanm ak egzekitif la ki dwa konstitisyonèl pou yo bloke epi bay mo pa yo sou nesesite pou yo renouvle mezi sa a.

Donk, legalman, pouvwa egzekitif la pa ta ka deklare « état de siège » sou peyi a. Men kòm palman pa fonksyonèl, « à situation exemplaire, mesures exemplaires. »

. .

0 comments